Èd Pwopriyetè Kay

Èd Pwopriyetè Kay
FÈ YON DEMANN POU YON AVOKA JODYA
- Etap 1 : Klike isit.
- Etap 2 : Mete enfòmasyon w yo.
- Etap 3 : VLP pral eseye mete w an kontak ak yon avoka pi vit ke posib.
Kiyès nou ye
Pwojè Èd Legal ak Degèpisman pandan COVID de Volunteer Lawyers Project la se yon ekip avoka, asistan jiridik ak etidyan dwa ki sòti nan tout sektè nan kominote a epi k ap travay ansanm pou yo sèvi ti pwopriyetè k ap viv toupatou nan eta Massachusetts.
Kilè travay nou an te kòmanse
Nan mwa oktòb 2020, Volunteer Lawyer’s Project te rejwenn Pwojè Èd Legal ak Degèpisman pandan COVID la (CELHP selon sig li ann angle) de Inisyativ Divèsyon Degèpisman an k ap fèt nan tout eta a. Objektif nou an se pou n ede tout ti pwopriyetè ki pa gen anpil mwayen ekonomik epi k ap fè fas ak yon kriz lòjman pou nou ofri yo yon èd bon kalite.
Sa nou ofri
- Reprezantasyon legal gratis oswa a ba pri
- Sipò ak pwosesis demann pou jwenn èd finansyè
- Materyèl ak resous pedagojik
Sèvis ak pwogram nou yo
Yon Avoka pou Jounen an (LFD)
- Yon konsiltasyon 15 minit ki gratis
Èd limite ak reprezantasyon konplè
- Admisyon sou yon baz ka pa ka
Èd jiridik
- Gratis atravè Volunteer Lawyers Project (VLP)
- A ba pri atravè patenarya nou genyen ak Justice Bridge epi ak Hampden County Legal Clinic
Èd pou ranpli fòmilè demann pou w jwenn èd finansyè:
- Resevwa lajan pou kouvri kòb lwaye lokatè w la pòko peye ou
- Resevwa lajan pou fè peman ipotèk ou yo
Èd finansyè atravè pwogram ERAP, RAFT ak ERMA ke leta a ap finanse yo.
Resous pou pwopriyetè ki 100% gratis, kèlkeswa rantre ekonomik ou.
Pwosesis degèpisman:
- Kòman pou navige Avi pou kite a
- Obligasyon yon pwopriyetè genyen
Klinik pedagojik k ap fèt toutalè:
Yon Avoka pou Jounen an (LFD)
Yon konsiltasyon 15 minit gratis lè w kalifye.
Antre an kontak ak yon avoka fasil atravè Legal Squirrel, yon platfòm lojisyèl.
- Kliyan an ak Avoka a kolabore nan yon espas travay ki vityèl ak sekirize, an tan reyèl.
Referans nan kominote a
Si w se yon defansè kominotè epi w ap chache yon referans pou yon ti pwopriyetè, souple klike ISIT la pou w ka ranpli fòmilè CELHP a konplètman.
Asire w ke w chwazi opsyon “Volunteer Lawyers Project” (Ti pwopriyete ki okipe pa pwopriyetè yo, nan tout eta a).